Psaumes 84

Que tes demeures sont aimables

Pou direktè koral la; sou gitia la. Yon Sòm a fis a Koré yo. A la abitasyon Ou yo bèl, O SENYÈ dèzame yo! 2Nanm mwen anvi e menm gen gwo dezi pou lakou SENYÈ a. Kè m ak chè m chante avèk jwa a Bondye vivan an. 3Zwazo a osi te twouve yon kay, e iwondèl la yon nich pou li menm, kote li kapab swaye pitit li yo pre lotèl Ou yo, Oh Wa m ak Bondye m.

4A la beni sila ki demere nan lakay Ou yo beni! Y ap ba Ou lwanj jis pou tout tan. 5A la beni nonm ki gen fòs li nan Ou, Nan kè a sila lide fè wout nan gran chemen vè Sion an ye. 6Lè yo pase nan vale Baca a, yo fè l fè yon sous; Premye lapli a kouvri li avèk benediksyon.

7Yo sòti nan fòs pou antre nan fòs yo. Yo chak parèt devan Bondye nan Sion. 8O SENYÈ dèzame yo, tande lapriyè mwen. Prete zorèy Ou, O Bondye Jacob la! Tan 9Gade byen boukliye nou an. Gade sou vizaj onksyone Ou a.

10Paske yon sèl jou nan lakou Ou a, pi bon pase mil jou deyò. Pito m te jeran pòt lakay Bondye mwen an, pase pou m ta abite nan tant a mechan yo. 11Paske SENYÈ a, Bondye a, se yon solèy ak yon boukliye. SENYÈ a va bay gras avèk glwa. Li pa refize anyen ki bon a sila ki mache dwat yo. 12O SENYÈ dèzame yo! A la moun ki mete konfyans li nan Ou a beni!

Copié !
Aa