Psaumes 70
Hâte-toi, ô Dieu, de me délivrer
Pou direktè koral la; Yon Sòm David. Yon souvni O Bondye, fè vit pou delivre mwen. O SENYÈ, fè vit pou ban m sekou! 2Kite sila k ap chache lavi m yo vin wont e imilye. Kite sila ki pran plezi nan fè m mal yo vire fè bak ak dezonè. 3Kite sila ki di: “ah, ah!” yo vire fè bak akoz wont yo.
4Kite tout moun k ap chache Ou yo rejwi e fè kè kontan nan Ou. Kite sila ki renmen sali Ou yo di tout tan: “Kite Bondye egzalte”. 5Men mwen aflije e mwen nan nesesite. Fè vit vin kote mwen, O Bondye! Se Ou menm ki sekou mwen ak delivrans mwen. O SENYÈ, pa mize.
Copié !
Aa