Psaumes 4

En paix je me couche et je dors

Pou direktè koral la; sou enstriman ak fil yo; yon sòm David Reponn mwen lè m rele Ou, O Bondye ladwati mwen; Ou te fè m pran souf nan gran twoub mwen an. Fè m gras e tande lapriyè mwen. 2O fis a lòm yo, jiskilè laglwa Mwen va devni yon repwòch? Jiskilè ou va renmen sa ki san valè e tante twonpe moun? Tan 3Men konnen ke SENYÈ a te mete nonm Bondye a apa pou Li menm. SENYÈ a tande lè m fè apèl Li.

4Tranble, men pa fè peche. Reflechi nan kè ou sou kabann ou, e rete kalm. Tan 5Ofri sakrifis ladwati yo. Mete konfyans nan SENYÈ a. 6Anpil ap di: “Kilès ki kab montre nou yon bagay ki bon?” SENYÈ, leve wo limyè a vizaj Ou devan nou!

7Ou te mete lajwa nan kè m plis pase lè gwo rekòlt sereyal mi ak diven nèf vin parèt. 8Anpè, mwen va kouche pou dòmi, paske Ou sèl, SENYÈ, fè m viv ansekirite.

Copié !
Aa