Psaumes 130
Du fond de l'abîme je t'invoque
Yon chan pou monte vè tanp lan. Soti nan pwofondè abim nan, mwen te kriye a Ou menm, O SENYÈ. 2SENYÈ, koute vwa mwen! Kite zòrèy Ou rete atantif a vwa siplikasyon mwen yo. 3Si Ou menm, SENYÈ, ta sonje inikite yo, O SENYÈ, se kilès ki ta kab kanpe?
4Men avèk Ou menm, gen padon, pou moun ta gen reverans Ou. 5Mwen tann SENYÈ a. Nanm mwen ap tann e nan pawòl Li, mwen mete espwa m. 6Nanm mwen ap tann SENYÈ a plis pase gadyen k ap tann maten rive a. Anverite, plis pase gadyen k ap tann maten rive a.
7O Israël, mete espwa nan SENYÈ a. Paske kote SENYÈ a ye, gen mizerikòd. Avèk Li, gen redanmsyon an abondans. 8Li va fè redanmsyon Israël de tout inikite Li yo.
Copié !
Aa