Psaumes 113

Du lever du soleil jusqu'à son coucher

Louwe SENYÈ a! Louwe, O sèvitè a SENYÈ yo, Louwe non SENYÈ a. 2Beni se non SENYÈ a, soti nan tan sa a e jis pou tout tan. 3Depi solèy leve jiskaske li kouche, non SENYÈ a dwe louwe.

4SENYÈ a wo, anwo tout nasyon yo! Glwa Li pi wo syèl yo! 5Se kilès ki tankou SENYÈ a, Bondye nou an, Ki sou twòn Li anwo a, 6ki abese tèt Li pou gade tout bagay ki nan syèl yo ak sou latè yo?

7Li fè malere a leve sòti nan pousyè a e leve endijan an sòti nan pil sann nan, 8pou fè yo chita avèk prens yo. Menm avèk prens a pèp Li yo. 9Li fè fanm steril la vin rete nan kay kon yon manman pitit ak kè kontan. Louwe SENYÈ a!

Copié !
Aa