Proverbes 4
Acquiers avant tout la sagesse
Tande, O fis yo, enstriksyon a yon papa, e fè atansyon pou ou kab reyisi jwenn bon konprann, 2Paske mwen bay ou bon konsèy; pa abandone enstriksyon mwen. 3Lè m te yon jenn timoun ak papa m, byen jenn e sèl fis devan zye a manman m, 4Alò, li te enstwi mwen e te di mwen: “Kite kè ou kenbe fèm a pawòl mwen; kenbe lòd mwen yo pou ou viv.
5Vin ranmase sajès! Ranmase bon konprann! Pa bliye, ni pa vire kite pawòl a bouch mwen yo. 6Pa abandone li e li va pwoteje ou; renmen li e li va veye sou ou. 7Men sa ki kòmansman sajès la: Ranmase sajès! Epi avèk sa ou rasanble a, chache bon konprann.
8Mete valè li wo e li va fè ou leve; li va bay ou onè si ou anbrase l. 9Li va poze sou tèt ou yon kouwòn lagras; li va prezante ou avèk yon kouwòn byen bèl.” 10Tande, fis mwen an, vin dakò ak pawòl mwen yo, e lane lavi ou yo va vin byen long.
11Mwen te dirije ou nan chemen sajès la; mwen te kondwi ou nan pa ladwati yo. 12Lè ou mache, pa ou yo p ap jennen; epi si ou kouri, ou p ap glise tonbe. 13Pran enstriksyon; pa lage menm. Pwoteje li paske li se lavi ou.
14Pa antre nan chemen mechan yo, e pa avanse nan vwa malfektè yo. 15Evite li, pa pase kote li; vire kite li e ale byen lwen. 16Paske, yo p ap kab dòmi si yo pa fè mal; epi dòmi vin vòlè soti nan zye yo si yo pa fè lòt glise tonbe.
17Paske yo manje pen a malveyan yo e bwè diven vyolans. 18Men pa a moun dwat yo se tankou limyè granmmaten ki briye pi fò e pi fò jiskaske li vin fè jou nèt. 19Chemen mechan yo tankou tenèb; yo pa konnen sou kisa pou yo tonbe.
20Fis mwen an, prete atansyon a pawòl mwen yo; panche zòrèy ou vè diskou mwen yo. 21Pa kite yo vin disparèt devan zye ou; kenbe yo nan fon kè ou. 22Paske yo se lavi a sila ki jwenn yo, ak lasante a tout kò yo.
23Veye sou kè ou ak tout dilijans; paske de li, sous lavi yo koule. 24Mete lwen de ou yon bouch manti e mete tout pawòl foub byen lwen ou. 25Kite zye ou gade tou dwat devan e kite vizyon ou konsantre devan nèt.
26Veye wout pye ou konn pran e tout chemen ou yo va byen etabli. 27Pa vire ni adwat ni agoch; fè pye ou vire kite mal.