Proverbes 31
Les paroles que sa mère lui enseigna
Pawòl a wa Lemuel yo; pwofesi ke manman li te ansegne li a: 2“O fis mwen an! O fis a vant mwen an! O fis a ve mwen yo! 3Pa bay fòs ou a fanm, ni wout ou a sila ki konn detwi wa yo.
4Se pa pou wa yo, O Lemuel, se pa pou wa yo bwè diven, ni pou chèf yo ta bwè diven, 5Paske y ap bwè epi vin bliye dekrè ki te fèt la, e tòde dwa a sila ki aflije yo. 6Bay bwason fò a sila k ap peri a, ak diven a sila ki gen lavi anmè a.
7Kite li bwè pou bliye mizè li e pa sonje pwoblèm li ankò. 8Ouvri bouch ou pou bèbè a; pou dwa yo a tout sila ki san sekou. 9Ouvri bouch ou, fè jijman ak dwati, e defann dwa a aflije yo ak endijan an.”
La femme vertueuse
10Yon madanm ki ekselan, se kilès ki ka twouve li? Paske valè li depase bijou. 11Kè a mari li mete konfyans nan li e li p ap manke reyisi. 12Li fè l sa ki bon e pa sa ki mal pandan tout jou lavi li.
13Li chache lèn ak len e travay avèk men l ak kè kontan. 14Li tankou bato komès; li mennen manje li soti byen lwen. 15Anplis, li leve pandan li toujou fènwa pou bay manje a tout lakay li, ak yon pòsyon pou sèvant li yo.
16Li konsidere yon chan e achte li. Ak benefis travay li, li plante yon chan rezen. 17Li mare senti l ak gwo fòs pou fè bra li vin fò. 18Li santi ke siksè li bon; lanp li pa janm etenn lannwit.
19Li lonje men l vè aparèy tise a e men l kenbe l. 20Li lonje men l vè pòv yo avèk sila ki gen bezwen an. 21Lakay li pa fè krent pou lanèj, paske tout lakay abiye an wouj.
22Li fè kouvèti pou tèt li; tout vètman li se twal fen blan ak mov. 23Mari li byen rekonèt nan pòtay lavil yo, lè l chita pami ansyen a peyi yo. 24Li fè vètman an len pou vann yo, e founi sentiwon a tout komèsan yo.
25Fòs ak respè se abiman li e li souri a lavni. 26Li ouvri bouch li avèk sajès e enstriksyon ladousè sou lang li. 27Li gade byen tout afè lakay li e li pa manje pen laparès.
28Pitit li yo leve e beni li; mari li tou ba li gwo lwanj pou di l: 29“Anpil fi te fè byen bon; men ou pi bon anpil pase yo tout.” 30Cham konn twonpe e bèlte konn vanite; men se fanm nan ki krent SENYÈ a k ap resevwa lwanj.
31Ba li sa ke men l te pwodwi, epi kite zèv li yo fè lwanj li nan pòtay yo.