Job 14

L'homme né de la femme

Lòm ki fèt de fanm gen vi kout ki plen traka. 2Tankou yon flè, li parèt e li fennen. Anplis, li sove ale kon lonbraj. Li pa dire. 3Èske Ou ouvri zye Ou sou li pou mennen li an jijman avèk Ou?

4Se kilès ki kab fè pwòp sa ki pa pwòp? Pèsòn! 5Konsi fòs jou li yo avèk Ou, fòs mwa li yo avèk Ou. Ou te etabli limit li ke li p ap kab depase. 6Retire zye Ou sou li pou l kab pran repo, jiskaske li kab konplete jou li yo, kon yon ouvriye jounalye.

7Gen espwa pou yon pyebwa lè l koupe, li kab boujonnen ankò, nouvo boujon yo kab reyisi. 8Malgre rasin li yo vin vye nan tè a, e chouk li mouri nan tè sèch, 9fè rive yon gout dlo, e li va pete pouse boujon yo kon yon plant.

10Men lòm mouri pou kouche plat. Lòm mouri e kibò li ye? 11Tankou dlo lanmè fè vapè monte e rivyè a vin sèch, 12konsa lòm kouche, e li pa leve ankò. Jiskaske syèl yo vin disparèt, li p ap reveye, ni leve ankò.

13O ke ou ta kapab kache mwen nan sejou lanmò an, pou ou ta kapab fè m kache jiskaske chalè Ou retounen kote Ou! Ke Ou ta fikse yon limit pou mwen, e sonje m! 14Si yon nonm mouri, èske li va leve ankò? Pou tout jou a lit mwen yo, mwen ta tann jiskaske lè rive pou yo lage m. 15Ou ta rele e mwen ta reponn Ou; Konsa, Ou ta anvi anpil zèv men Ou yo.

16Paske koulye a, ou konte tout pa mwen fè yo. Èske Ou pa swiv peche m yo? 17Transgresyon mwen yo sele nèt nan yon sachè Konsa, Ou vlope tout inikite m yo. 18Men mòn nan kap tonbe pa mòso pa fè anyen; wòch la ap kite plas li.

19Dlo a epwize wòch yo, gran fòs li lave pousyè tè a. Se konsa Ou detwi espwa a lòm. 20Ou vin fè l soumèt nèt pou tout tan, e li pati; Ou chanje aparans li, e voye l ale. 21Fis li yo vin resevwa lonè, men li menm pa konnen sa; oswa fis li yo vin pa anyen, men li pa apèsi sa.

22Men kò l fè mal; epi li fè dèy sèlman pou pwòp tèt li.

Copié !
Aa