3 Jean 1
Une salutation de l'ancien
Lansyen an k ap ekri a byeneme a, Gaïus, ke mwen renmen an verite. 2Byeneme a, mwen priye nan tout aspè ke afè ou mache byen, epi ke ou toujou an bòn sante, menm jan ke nanm ou an bòn sante a. 3Paske mwen te tèlman kontan lè frè yo te vin pote temwayaj a verite ou, ki jan ou mache nan laverite a.
4Mwen pa gen pi gran jwa ke sa, pou tande koze a pitit mwen yo k ap mache nan laverite a.
Gaïus et son hospitalité
5Byeneme, ou ap aji fidèlman nan tout sa ou acheve pou frè yo, sitou lè se moun ou pa rekonèt yo. 6Yo pote temwayaj lanmou ou devan legliz la. Konsa, ou va fè byen pou voye yo sou wout yo nan yon jan ki gen merit devan Bondye. 7Paske yo te sòti pou kòz a Non an, san aksepte anyen nan men etranje yo.
8Nou dwe bay soutyen a moun tankou sa yo, pou nou kapab ouvriye parèy a yo nan laverite a.
Diotrèphe et Démétrius
9Mwen te ekri yon bagay a legliz la, men Diotrèphe ki renmen premye pami tout, pa aksepte sa nou te pale a. 10Pou rezon sa, mwen va atire atansyon a zak sa yo ke li fè, lè l akize nou san jistis avèk pawòl yo ki mechan. Pa menm satisfè avèk sa li refize resevwa frè yo, epi li refize sa yo ki ta vle fè sa, epi mete yo deyò legliz la. 11Zanmi mwen yo pa imite sa ki mechan, men sa ki bon. Sila ki fè byen a Bondye. Sa ki fè mal pa janm te wè Bondye.
12Démétrius te resevwa yon bon temwayaj a tout moun, epi osi selon menm laverite a; epi nou mete temwayaj nou sou sa, epi ou konnen ke temwayaj nou vrè.
J'espère te voir bientôt
13Mwen te gen anpil bagay pou ekri nou, men mwen pa vle ekri yo avèk plim ak lank; 14men mwen espere ke mwen va wè nou toutalè, epi nou va pale fasafas. 15Lapè swat avèk nou. Zanmi yo salye nou. Salye zanmi yo pa pwòp non yo.