Иов 8

Вилдад призывает Иова покаяться

Konsa, Bildad Schuach la, te reponn: 2“Pou konbyen de tan ou va pale bagay sa yo pou pawòl a bouch ou fè gwo van? 3Èske Bondye konn konwonpi jistis la? Oswa èske Toupwisan an konwonpi sa ki dwat?

4Si fis ou yo te peche kont Li, alò, Li livre yo antre nan pouvwa transgresyon yo. 5Si ou ta chache Bondye e mande konpasyon a Toupwisan an, 6si ou te san tach e dwat; anverite, koulye a, Li ta leve Li menm pou ou e rekonpanse ou jan ou te ye nan ladwati ou.

7Malgre, kòmansman ou pa t remakab, ou ta fini avèk anpil gwo bagay. 8“Souple, fè rechèch nan jenerasyon zansèt ansyen yo, e bay konsiderasyon a bagay ke papa yo te twouve. 9Paske nou menm se sèl bagay ayè nou konnen, e nou pa konnen anyen, paske jou pa nou yo sou latè se sèl yon lonbraj ki pase.

10Èske yo p ap enstwi ou, pale ou e fè pawòl ki nan tèt yo vin parèt? 11“Èske jon kab grandi san ma dlo? Èske wozo konn pouse san dlo? 12Pandan li toujou vèt e san koupe a, l ap fennen avan tout lòt plant yo.

13Se konsa chemen a tout moun ki bliye Bondye yo. Konsa espwa a moun enkwayan yo peri, 14sila a ak konfyans frajil la kap mete konfyans li nan fil arenye a. 15Arenye a mete konfyans sou lakay li, men li p ap kanpe. Li kenbe rèd sou li, men li p ap dire.

16Li byen reyisi nan solèy la e gaye toupatou nan jaden an. 17Rasin li yo vlope toupatou sou pil wòch; li sezi yon kay wòch. 18Si li vin deplase sou plas li, alò plas li va refize rekonèt li e di: “Mwen pa t janm wè w.

19Gade byen, se sa ki fè lajwa chemen li; epi dèyè li, gen lòt yo k ap pete sòti nan pousyè tè a. 20“Alò, Bondye p ap rejte yon nonm entèg; ni li p ap bay soutyen a malfektè yo. 21Jiska prezan, Li va ranpli bouch ou avèk ri lajwa e lèv ou avèk kri plezi.

22Sila ki rayi ou yo va vin abiye ak wont e tant a mechan yo p ap la ankò.”

Скопировано!
Aa