Иов 12
У Бога премудрость
Job te reponn: 2Anverite, konsa, se nou menm ki se pèp la. Se ak nou menm tout sajès ap mouri! 3Men mwen gen lespri menm tankou ou; mwen pa pi ba pase ou. Epi se kilès ki pa konnen bagay parèy a sila yo?
4Mwen se yon blag devan zanmi mwen yo, sila ki te fè apèl Bondye a, e Li te reponn li an. Nonm nan ki dwat e san tò a vin yon blag. 5Sila ki alèz la ri sou malè a; men l ap tann pye l chape. 6Tant volè a fè pwofi, e sila ki pwovoke Bondye byen alez. Se nan men yo pote dye pa yo.
7“Alò, mande bèt yo menm pou yo kab enstwi ou; ak zwazo syèl yo; kite yo pale ou. 8Oswa, pale ak tè a e kite li enstwi ou. Kite pwason lanmè yo fè deklarasyon pou ou. 9Se kilès pami tout sila yo ki pa konnen ke se men SENYÈ a ki fè sa?
10Nan men a Sila poze lavi a tout sa ki viv la, ansanm ak souf tout limanite a. 11Èske zòrèy la pa pase a leprèv tout pawòl, menm jan ke bouch la goute manje li a? 12Sajès rete ak granmoun; yon lavi ki long gen bon konprann.
13“Avèk Bondye se sajès ak pwisans. A Li menm se konsèy avèk bon konprann. 14Gade byen, se Li menm ki detwi; e sa p ap kab rebati. Li mete yon nonm nan prizon, e nanpwen lage pou li. 15Gade byen, Li anpeche dlo yo, e yo seche nèt; Li voye yo deyò pou yo inonde latè a.
16Avèk Li menm se fòs ak sajès pwofon; sa ke lòt moun egare ak sila ki egare yo, tou de se pou Li. 17Li fè konseye yo mache pye atè e fè jij yo antre nan foli. 18Li detache chenn ki mare wa yo, e mare senti yo ak yon sentiwon.
19Li fè prèt yo mache san rad, e boulvèse sila ki ansekirite yo. 20Li fè moun konfyans pa kab pale, e retire bon jijman a ansyen yo. 21Li vide mepriz sou prens yo, e lache senti a pwisan yo.
22Li devwale mistè ki nan tenèb yo, e mennen fènwa pwofon yo antre nan limyè a. 23Li fè nasyon yo vin gran, e Li detwi yo. Li fè nasyon yo grandi, e Li mennen yo ale. 24Li rache lespri a chèf pèp latè yo, e fè yo egare nan yon savann san chemen.
25Yo tatonnen nan fènwa a san limyè. Li fè yo kilbite tankou moun sou.