雅歌 8
爱情如死之坚强
O ke ou te tankou frè m, ki te souse nan tete a manman m. Si mwen te jwenn ou deyò, mwen ta bo ou; nonplis, pèsòn pa ta denonse m pou sa! 2Mwen ta mennen ou e fè ou antre lakay a manman m ki te konn enstwi mwen an. Mwen ta bay ou diven pafime ki sòti nan ji grenad mwen yo pou ou bwè. 3Kite men goch li rete anba tèt mwen e men dwat li anbrase m.
4“Mwen vle nou sèmante, o fi Jérusalem yo, pa fè lanmou a vin leve, ni ankouraje l jiskaske se plezi li. 5Se ki fi sa a k ap monte sòti nan dezè a, k ap apiye sou cheri li a?” Jenn Fi a Anba pye pòm nan, mwen te fè ou leve; se la manman ou te gen doulè e te fè ou vin parèt. 6Mete mwen tankou yon so sou kè ou, tankou yon so sou bra ou. Paske lanmou gen fòs menm jan ak lanmò. Jalouzi sevè tankou Sejou mò yo; lè l pete se tankou dife k ap pete. Vrèman se flanm SENYÈ a.
7Anpil dlo p ap ka etenn lanmou, ni rivyè p ap ka inonde l. Menm si yon nonm ta bay tout richès lakay li pou lanmou, sa ta konplètman meprize. 8Nou gen yon ti sè e li pa gen tete menm; kisa n ap fè pou sè nou an nan jou ke yon moun ta vin pale pou l ta fiyanse avè l? 9Si ti fi a se yon mi, nou va bati yon ranpa fèt an ajan pou antoure l; men, si li se yon pòt, n ap fè yon barikad ak gwo planch bwa sèd.
10Mwen te yon miray e tete mwen te tankou fò yo; konsa, mwen te devni nan zye li kon yon moun ki jwenn lapè. 11Salomon te gen yon chan rezen nan Baal-Hamon; Li te bay jerans chan rezen an a gadyen yo. Yo chak te gen pou pote mil sik ajan pou fwi li yo. 12Pwòp chan rezen mwen an se devan m; mil sik ajan yo se pou ou, Salomon ak de-san pou sila ki okipe fwi li yo.
13O ou menm, ki chita nan jaden yo, ansanm ak zanmi mwen yo, kite m tande vwa ou. 14Annou pati, cheri mwen an! Fè tankou yon antilòp, oswa yon jenn sèf sou mòn ki plen epis yo.