诗篇 82
神在审判者中施行审判
Yon Sòm Asaph Bondye vin kanpe nan mitan pwòp asanble Li a. Li fè jijman nan mitan dye yo. 2Pou konbyen de tan nou va jije san jistis, e montre favè a mechan yo? 3“Fè defans fèb yo ak òfelen yo. Fè jistis a aflije ak malere yo.
4Sove fèb yo ak malere yo. Delivre fè yo sòti nan men a mechan yo.” 5Yo pa konnen ni yo pa konprann. Yo mache toupatou nan fènwa. Tout fondasyon tè yo fin souke nèt. 6Mwen te di: “Se dye ke nou ye, e nou tout se fis a Pi Wo a.
7Sepandan, nou va mouri tankou moun, e tonbe tankou nenpòt nan prens yo.” 8Leve, O Bondye, jije tè a! Paske se Ou ki posede tout nasyon yo.
已复制!
Aa