诗篇 126
流泪撒种的
Yon chan pou monte vè tanp lan Lè SENYÈ a te fè mennen tounen kaptif Sion yo, nou te tankou sila ki fè rèv yo. 2Nan lè sa a, bouch nou te plen ak ri lajwa e lang nou avèk kri lajwa. Konsa, yo te di pami nasyon yo: “SENYÈ a te fè gwo bagay pou yo.” 3SENYÈ a te fè gwo bagay yo pou nou. Nou kontan.
4Fè retounen kaptif nou yo, O SENYÈ, kon rivyè nan dezè a. 5Sila ki simen ak dlo nan zye yo Va rekòlte avèk gwo kri lajwa. 6Sila ki soti ap kriye akoz chaj makout semans lan. Men l ap retounen ankò ak kri lajwa, akoz chaj pakèt rekòlt l ap pote a.
已复制!
Aa