Salmi 96

Cantate al Signore, tutta la terra

Chante a SENYÈ a yon chan tounèf! Chante a SENYÈ a tout latè a. 2Chante a SENYÈ a! Beni non Li! Pwoklame bòn nouvèl Sali a Li de jou an jou. 3Pale glwa Li pami nasyon yo, zèv mèvèy Li yo pami tout pèp yo.

4Paske gran se SENYÈ a! Li merite gran lwanj. Fòk Li resevwa krentif nou pi wo ke tout dye yo. 5Paske tout dye a pèp yo se zidòl, men SENYÈ a te fè syèl yo. 6Tout bèlte ak majeste devan L. Pwisans ak bèlte rete nan sanktyè Li a.

7Bay a SENYÈ a, O fanmi a pèp yo, bay a SENYÈ a glwa ak pwisans. 8Bay a SENYÈ a glwa a non Li. Pote yon ofrann e antre nan lakou Li yo. 9Adore SENYÈ a nan abiman ki sen. Tranble devan L, tout latè a.

10Pale pami nasyon yo, “SENYÈ a renye.” Anverite, mond lan etabli byen solid. Li p ap ebranle menm. SENYÈ a va jije pèp yo avèk jistis. 11Kite syèl yo vin kontan e kite latè rejwi. Kite lanmè a fè gwo bri ansanm ak tout sa ki ladann. 12Kite chan yo leve fè kè kontan, ak tout sa ki ladann yo. Epi tout bwa nan forè yo va chante ak jwa 13devan SENYÈ a, paske L ap vini. Paske L ap vini pou jije latè. Li va jije mond lan avèk ladwati e pèp yo ak fidelite Li.

Copiato!
Aa