Salmi 67
Ti lodino i popoli
Pou direktè koral la; avèk enstriman ak kòd yo. Yon Sòm; Yon Chan Ke Bondye ka fè nou gras, beni nou e fè vizaj Li vin klere sou nou—— 2Ke chemen Ou kapab byen koni sou tè a, ak sali Ou pami tout nasyon yo. 3Kite pèp yo louwe Ou, O Bondye. Kite tout pèp yo louwe Ou.
4Kite nasyon yo fè kè kontan e chante ak jwa, paske Ou va jije pèp yo avèk ladwati e gide nasyon yo sou tè a. Tan 5Kite pèp yo louwe Ou, O Bondye. Kite tout pèp yo louwe Ou. 6Latè te bay pwodwi li. Bondye, Bondye pa nou an, ap toujou beni nou.
7Bondye ap toujou beni nou. Dènye pwent latè a va gen lakrent Li.
Copiato!
Aa