Salmi 41
Beato chi ha cura del povero
Pou direktè koral la; Yon Sòm David A la beni sila ki konsidere ka malere a beni! SENYÈ a va delivre li nan jou twoub li. 2SENYÈ a va pwoteje li e fè l viv. Li va rele beni sou latè a. Ni li p ap livre a volonte lènmi li yo. 3SENYÈ a va bay li soutyen lè l malad sou kabann nan. Nan maladi li, li va restore li a lasante.
4Konsa, pou mwen, mwen te di: “O SENYÈ, fè m gras. Geri nanm mwen paske mwen te peche kont Ou.” 5Lènmi m yo pale mal kont mwen: “Kilè l ap mouri pou non li disparèt?” 6Si li vin wè m, li bay manti. Kè li ranmase mechanste pou kont li. Lè l sòti deyò, li pale sa.
7Tout sila ki rayi mwen yo soufle ti pawòl nan zòrèy youn lòt. Kont mwen, yo fè plan pou donmaje mwen epi yo di: 8“Yon bagay mechan gen tan pran l, pou lè l kouche, pou l pa leve ankò.” 9Menm zanmi ki te pre m nan, nan sila mwen te mete konfyans la, li ki te manje pen mwen an, te leve talon li kont mwen.
10Men Ou menm, O SENYÈ, fè m gras e fè m leve pou m kab bay yo rekonpans yo. 11Se konsa mwen konnen ke Ou pran plezi nan mwen. Akoz lènmi mwen an pa kriye viktwa sou mwen. 12Pou mwen menm, Ou soutni mwen nan entegrite m, epi Ou mete mwen nan prezans Ou jis pou tout tan.
13Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la, soti pou tout tan, jis rive pou tout tan. Amen e amen.