Giobbe 25

Come può l'uomo essere giusto

Alò, Bildad, Shouachyen an te reponn: 2Tout pouvwa ak lakrent apatyen a Sila ki etabli lapè nan wotè Li yo. 3Èske fòs kantite sòlda Li yo kab kontwole? Epi sou kilès ke limyè Li pa leve?

4Konsa, se kijan yon nonm kapab dwat devan Bondye? Oswa, kijan sila ki te fèt de fanm nan kapab vin pwòp? 5Nan zye pa Li, menm lalin pa klè, ni zetwal yo pa pwòp, 6Konbyen, anmwens lòm, yon vè, ak fis la a lòm nan, vè a menm nan!

Copiato!
Aa