Psalmen 54
Gott ist mein Helfer
Pou direktè koral la; sou enstriman ak kòd yo. Yon sòm a David, lè Zifyen yo te vin di Saül: “Èske David pa kache pami nou?” Sove mwen, O Bondye, ak non Ou e fè vanjans mwen ak pouvwa Ou. 2Koute lapriyè mwen, O Bondye. Prete zòrèy a pawòl a bouch mwen. 3Paske etranje yo fin leve kont mwen. Moun vyolans yo te chache lavi mwen. Yo pa t mete Bondye devan yo.
4Gade byen, Bondye se èd mwen. SENYÈ a se soutyen a nanm mwen. 5Li va rekonpanse mal a lènmi mwen yo. Detwi yo nan fidelite Ou. 6Avèk bòn volonte, mwen va fè sakrifis a Ou. Mwen va bay remèsiman a non Ou, O SENYÈ, paske li bon.
7Paske Li te delivre mwen nan tout twoub. Konsa, zye mwen te wè ak kè kontan, defèt lènmi m yo.
Kopiert!
Aa