Psalmen 29
Die Stimme des HERRN über den Wassern
Yon sòm David Bay a SENYÈ a, O Fis a moun pwisan yo, bay a SENYÈ a, glwa avèk gwo fòs. 2Bay a SENYÈ a, glwa ke non Li merite a. Adore SENYÈ a avèk tout sa ki sen. 3Vwa SENYÈ a sou dlo yo. Bondye glwa a fè tonnè gwonde, eklate. SENYÈ a sou anpil dlo.
4Vwa SENYÈ a gen gwo fòs. Vwa SENYÈ a ranpli ak majeste. 5Vwa SENYÈ a fann bwa sèd yo. Wi, SENYÈ a fann an mòso bwa sèd Liban yo. 6Li fè Liban sote. Li ponpe tankou yon ti bèf, e Sirion tankou yon jèn bèf mawon.
7Vwa SENYÈ a koupe fè flanm dife. 8Vwa SENYÈ a souke savann nan. Vwa SENYÈ a souke savann Kadès la. 9Vwa SENYÈ a fè bich la fè pitit. Li fè forè a vin toutouni. Nan tanp Li a, tout moun ki la yo rele: “Glwa”!
10SENYÈ a te chita kon Wa nan gran inondasyon an. Wi, SENYÈ a chita kon Wa jis pou tout tan. 11SENYÈ a va bay fòs a pèp Li a. SENYÈ a va beni pèp li a avèk lapè.