Psalmen 23

Der HERR ist mein Hirte

Yon sòm David Bondye se bèje mwen; mwen p ap janm manke anyen. 2Li fè m kouche nan patiraj vèt yo. Li mennen m akote dlo pezib yo. 3Li restore nanm mwen. Li gide mwen nan chemen ladwati yo, akoz non sen Li an.

4Malgre mwen ta mache nan vale lonbraj lanmò a, mwen p ap pè okenn mal, paske Ou avè m. Baton Ou avèk kwòk Ou fè m gen konfyans. 5Ou ranje yon tab devan mwen nan prezans lènmi mwen yo. Ou onksyone tèt mwen avèk lwil. Tas mwen fin debòde nèt. 6Anverite, bonte Ou avèk lanmou dous Ou va swiv mwen pou tout jou lavi mwen yo, E mwen va viv lakay SENYÈ a jis pou tout tan.

Kopiert!
Aa