Psalmen 121

Meine Hilfe kommt vom HERRN

Yon Sòm pou monte vè tanp lan Mwen leve zye m vè mòn yo. Se kibò sekou mwen va sòti? 2Sekou m sòti nan SENYÈ a, ki te fè syèl la ak tè a. 3Li p ap kite pye ou chape. Sila ki kenbe Israël la p ap kabicha, ni dòmi.

4Gade byen, Sila ki kenbe Israël p ap kabicha, ni Li p ap dòmi. 5SENYÈ a se gadyen ou. SENYÈ a se lonbraj a men dwat ou. 6Solèy p ap frape ou lajounen, ni lalin pandan lannwit.

7SENYÈ a va pwoteje ou de tout mal. Li va kenbe nanm ou. 8Li va pwoteje ou lè ou sòti ak lè ou antre, depi nan moman sa a e jis rive pou tout tan.

Kopiert!
Aa