Psalms 6

Do not rebuke me in your anger

Pou direktè koral la; avèk enstriman ak fil yo sou yon gita uit kòd. Yon sòm David. O SENYÈ, pa repwoche mwen nan kòlè Ou, ni ban m chatiman nan fache Ou. 2Fè m gras, O SENYÈ, paske mwen chagren anpil. Geri mwen, O SENYÈ, paske zo m yo rele anmwey, 3epi nanm mwen fè gwo chagren. Men Ou, O SENYÈ,—jiskilè?

4Retounen, O SENYÈ, fè nanm mwen chape. Sove mwen akoz lanmou dous Ou a. 5Paske mò yo pa rele non Ou. Nan andwa kote mò yo ye a, se kilès k ap bay Ou remèsiman? 6Mwen bouke ak plent ki sòti anndan m. Chak nwit, kabann mwen vin naje ak dlo. Dlo ki sòt nan zye m yo fin gate kabann nan.

7Zye m pouri nèt ak gwo doulè. Yo vin vye nèt akoz tout advèsè mwen yo. 8Sòti sou mwen, nou tout ki fè mechanste yo, paske SENYÈ a te tande gwo kri mwen. 9SENYÈ a te tande demand priyè mwen. SENYÈ a te resevwa lapriyè mwen.

10Tout lènmi mwen yo va wont e deranje nèt. Yo va vire fè bak sibitman. Yo va vin wont anpil.

Copied!
Aa