Psalms 26

Examine me, O Lord

Yon sòm David Fè m jistis, O SENYÈ, paske mwen te mache nan entegrite mwen. Mwen te mete konfyans mwen nan SENYÈ a san varye. 2Chache anndan m, O SENYÈ, e pase mwen a leprèv. Sonde panse mwen avèk kè m. 3Paske lanmou dous Ou a devan zye m. Mwen te mache nan verite Ou.

4Mwen pa chita avèk mesye k ap twonpe moun yo. Ni mwen pa pale avèk sila k ap pran pòz yo. 5Mwen rayi asanble malfektè yo, e mwen pa chita avèk mechan yo. 6Mwen va lave men m nan inosans, e mwen va antoure lotèl Ou, O SENYÈ, 7pou m kapab pwoklame avèk vwa remèsiman a, e deklare tout mèvèy Ou yo.

8O SENYÈ, Mwen renmen abitasyon lakay Ou, avèk kote ke glwa Ou rete a. 9Pa retire nanm mwen ansanm avèk pechè yo, ni lavi m avèk mesye ki vèse san yo, 10nan men a sila ki gen manèv mechan yo, ki nan mechanste pote kado vèse anba tab yo.

11Men pou mwen, mwen va mache nan entegrite mwen. Delivre mwen e fè m gras. 12Pye m kanpe sou yon plas byen plat. Nan asanble a, mwen va beni SENYÈ a.

Copied!
Aa