Psalms 136

His mercy endures forever

Bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li Bon, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan. 2Bay remèsiman a Bondye anwo tout dye yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan. 3Bay remèsiman a Senyè de tout senyè yo, paske lanmou dous li a dire jis pou tout tan; 4A Sila sèl ki fè gwo mèvèy yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan; 5A Sila ki ak gran kapasite te fè syèl la, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan; 6a Sila ki te ranje tè a anwo dlo yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan; 7a Sila ki te fè gran limyè yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan; 8solèy ki pou domine lajounen an, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

9Lalin ak zetwal pou domine lannwit, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan; 10A Sila ki te frape Ejipsyen yo nan premye ne yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan; 11ki te mennen Israël fè l sòti nan mitan yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan; 12Avèk yon men fò ak yon bra lonje nèt, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan; 13a Sila ki te divize Lanmè Wouj fè de bò a, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan; 14ki te fè Israël pase nan mitan li, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan; 15men Li te boulvèse Farawon ak lame li a nan Lanmè Wouj la, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan; 16a Sila ki te mennen pèp Li a nan dezè a, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

17a Sila ki te frape gran wa yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan; 18ki te touye wa pwisan yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan; 19Sihon, wa Amoreyen an, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan; 20ak Og, wa Basan an, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan; 21e te bay peyi yo kon eritaj, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan; 22menm yon eritaj a Israël, sèvitè Li a, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan; 23ki te sonje nou nan eta imilyasyon nou yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan; 24epi ki te delivre nou nan men advèsè nou yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

25ki bay manje a tout chè, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan. 26Bay remèsiman a Bondye syèl la, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.

Copied!
Aa