Psalms 120
I call on the Lord in my distress
Yon chanson pou monte vè tanp lan Nan gran twoub mwen an, mwen te kriye a SENYÈ a. Li te reponn mwen. 2Delivre nanm mwen, O SENYÈ, de lèv k ap bay desepsyon, de lang ki plen manti yo. 3Kisa pou W ta resevwa, e kisa pou m ta fè ou, O lang mansonjè?
4Flèch pwent file a gèrye yo, avèk chabon pye gayak tou limen. 5Malè a mwen, paske mwen demere nan tant a Méschec, Paske mwen rete pami tant a Kédar yo! 6Nanm mwen gen demè li avèk sila ki rayi lapè yo pandan twòp tan.
7Mwen vle lapè, men lè m pale, se lagè yo pito.
Copied!
Aa