Proverbs 9

Wisdom sets her table

Sajès bati kay li a; li taye sèt gwo pilye li yo. 2Li te prepare manje li, li te mele diven li; anplis, li fin ranje tab li. 3Li voye demwazèl li yo deyò, li rele soti nan anlè wotè pwent vil yo: 4“Pou sila ki ensanse a, kite li antre isit la!” Pou sila ki manke bon konprann nan, li di: 5“Vin manje manje mwen an, e bwè diven ke m te melanje a.

6Kite foli ou pou ou ka viv; epi avanse nan chemen bon konprann nan.” 7Sila ki korije yon mokè resevwa dezonè pou pwòp tèt li, e sila ki repwoche yon nonm mechan va resevwa ofans sou tèt li. 8Pa repwoche yon mokè, sinon li va rayi ou; repwoche yon nonm saj e li va renmen ou.

9Bay konsèy a yon nonm saj e li va vin pi saj, enstwi yon nonm dwat e li va ogmante konesans li. 10Lakrent SENYÈ a se kòmansman a sajès e konesans a Sila Ki Sen an se bon konprann. 11Paske pa mwen, jou ou yo va miltipliye, e ane yo ap ogmante sou lavi ou.

12Si ou saj, ou saj pou pwòp tèt ou; e si ou moke, ou pote sa a pou kont ou.

Folly calls too

13Fanm sòt pale byen fò ak gwo vwa; li bèt, e li pa konnen anyen. 14Li chita devan pòtay lakay li, sou yon chèz akote wo plas vil yo. 15Li rele sila ki pase yo, ki ap fè chemen yo dwat yo: 16Sila ki pa konnen anyen an, kite li antre isit la. Pou sila ki manke konprann nan, li di: 17“Dlo yo vòlè dous e pen ki manje an sekrè byen agreyab.” 18Men mesye a pa konnen ke se la mò yo ye a. Vizitè li yo la. Yo nan fon Sejou mò yo.

Copied!
Aa