Proverbs 14

The wise woman builds her house

Fanm saj la bati kay li, men fanm ensanse a demoli li ak pwòp men li. 2Sila ki mache nan ladwati a gen lakrent SENYÈ a; men sila ki fè chemen kwochi a meprize li. 3Nan bouch a moun sòt la, se yon baton pou do li; men lèv a saj yo va pwoteje yo.

4Kote nanpwen bèf, manjwa a pwòp; men se fòs a bèf la ki fè richès. 5Yon temwen fidèl p ap bay manti; men yon fo temwen pale manti. 6Yon mokè chache sajès, e li pa jwenn anyen; men konesans fasil pou sila ki gen bon konprann nan.

7Kite prezans a yon moun ensanse, sinon ou p ap rekonèt pawòl a saj yo. 8Sajès a moun rezonab la se pou l konprann chemen li; men betiz a moun ensanse a se desepsyon. 9Moun ensanse kontwole peche kon jwèt; men pami moun dwat yo, gen bòn volonte.

10Kè a konnen pwòp amètim ak bonè li; men ak lòt, sa p ap pataje. 11Lakay mechan yo va detwi; men tant a moun dwat la va fleri. 12Gen yon chemen ki sanble bon pou lòm; men fen li se chemen lanmò an.

13Menm lè bouch ri, kè a ka gen doulè, e lajwa kon fini nan tristès. 14Kè a ki pa fidèl va jwen rekonpans pou pwòp chemen li; men yon bon moun va rekonpanse pou sa li fè a. 15Moun san konprann kwè nan tout bagay; men yon nonm k ap reflechi veye pa li yo.

16Yon nonm saj fè atansyon pou l vire kite mal; men yon moun fou plen ògèy; li pa pè anyen. 17Yon nonm kolerik aji nan foli, e yon nonm koken va rayi pa lòt yo. 18Moun san konprann yo gen foli kon eritaj; men moun rezonab lan kouwone ak konesans.

19Mal la va bese devan sa ki bon an; e mechan an devan pòtay a moun dwat la. 20Malere a vin rayi menm pa vwazen li; men moun gwo kòb gen anpil zanmi. 21Sila ki meprize vwazen li fè peche; men sila ki fè gras a malere a, beni.

22Èske sila ki fòmante mechanste a, pa egare? Men ladousè avèk verite se pou sa yo ki fè sa ki bon. 23Nan tout travay gen pwofi; men pale anpil mennen nan povrete. 24Kouwòn saj yo se richès yo; men betiz moun ensanse se foli yo.

25Yon vre temwen sove lavi a moun; men sila ki pale manti pase moun nan betiz. 26Nan lakrent SENYÈ a, gen gwo konfyans; e pitit li yo va jwenn sekou. 27Lakrent SENYÈ a se yon fontèn dlo lavi, pou moun ka evite pèlen lanmò yo.

28Nan fòs kantite a pèp yo se glwa a yon wa, men afè prens ki manke moun gate nèt. 29Sila ki lan nan kòlè a, gen gwo konprann; men sila ki fè fache vit, leve foli byen wo. 30Yon kè trankil se lavi pou kò a; men pasyon fè tout zo yo pouri.

31Sila ki oprime malere a ap vekse Kreyatè li; men sila ki gen bonte anvè pòv la, onore L. 32Mechan an jete anba pa malfezans li; men moun ladwati a gen sekou lè l mouri. 33Sajès se nan kè a sila ki gen bon konprann nan; menm moun ensanse yo, nan kè, yo konnen.

34Ladwati leve yon nasyon; men peche se yon gwo wont pou yon pèp. 35Favè a wa a se anvè sèvitè ki aji ak sajès; men kòlè li se anvè sila ki fè gwo wont.

Copied!
Aa