Proverbs 12
Whoever loves discipline loves knowledge
Nenpòt moun ki renmen disiplin, renmen konesans, men sila ki rayi korije a, se bèt. 2Yon bon moun va jwenn favè SENYÈ a; men Bondye va kondane sila ki fè manèv mechanste a. 3Yon nonm p ap etabli ak mal la; men rasin moun dwat la p ap sòti menm.
4Yon bon madanm se kouwòn a mari li; men sila ki fè l wont lan se tankou pouriti nan zo li. 5Panse a moun dwat yo jis; men konsèy a mechan yo se desepsyon. 6Pawòl a mechan yo kouche tann pyèj pou vèse san; men bouch moun dwat yo va delivre yo.
7Mechan yo va boulvèse e vin disparèt; men kay a moun dwat yo va kanpe. 8Yon nonm ap twouve glwa selon entèlijans li; men sila ak panse pèvès la va meprize. 9Meyè se sila ki enkoni an, men ki gen sèvitè, pase sila ki onore pwòp tèt li e ki manke pen an.
10Yon nonm ladwati gen respè pou lavi a bèt li; men konpasyon a mechan an se mechanste. 11Sila ki raboure tè li a va gen anpil pen; men sila ki swiv bagay san valè yo manke bon konprann. 12Moun mechan an vle pran piyaj a mechan yo; men rasin ladwati yo va donnen fwi li.
13Yon moun mechan pyeje pa transgresyon lèv li; men moun dwat la va evite pwoblèm. 14Yon nonm va satisfè avèk sa ki bon kon fwi a pawòl li, e zèv lamen a yon nonm va retounen kote li. 15Chemen a yon moun fou bon nan zye li; men yon nonm saj koute konsèy.
16Lè yon moun fou vekse, ou konnen sa vit; men sila ki saj la evite wont. 17Sila ki pale verite a pale sa ki dwat; men yon fo temwen twonpe. 18Genyen yon moun ki pale san pridans tankou sila k ap goumen ak nepe yo; men lang a saj la pote gerizon.
19Lèv verite yo va etabli pou tout tan; men lang ki bay manti a rete pou yon moman. 20Desepsyon se nan kè a sila k ap fè manèv mechanste yo; men konseye lapè yo gen jwa. 21Nanpwen mal ki rive moun dwat yo; men mechan yo plen ak twoub.
22Lèv ki manti a abominab a SENYÈ a; men sila ki aji nan fidelite, se plezi Li. 23Yon moun pridan kache sa li konnen; men kè moun san konprann pale jis nan foli. 24Men a dilijan yo va kòmande; men parese a va fè kòve.
25Gwo pwoblèm nan kè a yon moun peze li desann; men yon bon pawòl fè l leve. 26Moun ladwati a se yon gid a vwazen li; men chemen a mechan fè yo egare. 27Yon nonm parese pa menm boukannen bèt lachas li, men pi presye nan sa yon nonm posede se dilijans.
28Nan chemen ladwati se lavi; e nan wout li nanpwen lanmò.