Job 7

My days are a breath

“Èske lòm pa oblije fè kòve sou latè? Èske jou li yo pa tankou jou a yon ouvriye jounalye? 2Tankou esklav ki rale souf pou rive nan lonbraj, tankou jounalye k ap tann kòb li, 3se konsa mwen jwenn mwa yo plen mizè, e nwit plen ak gwo twoub k ap dezinyen pou mwen.

4Lè m kouche mwen di: ‘Se kilè m ap leve?’ Men nwit lan kontinye; m ap vire tounen jis rive nan maten. 5Chè m abiye ak vè ak kal ki fèt ak pousyè. Po m vin di e li koule pij. 6Jou m yo mache pi vit ke mach aparèy tise a. Yo fini sanzespwa.

7Sonje byen ke lavi m pa plis ke yon souf; zye m p ap wè sa ki bon ankò. 8Zye a sila ki wè m yo, p ap wè m ankò. Zye Ou va sou mwen, men mwen p ap la ankò. 9Jan yon nwaj vin disparèt, li ale nèt. Konsa sila ki desann nan sejou lanmò a p ap monte ankò.

10Li p ap retounen ankò lakay li, ni plas li p ap rekonèt li ankò. 11“Akoz sa a, mwen p ap met fren nan bouch mwen. Mwen va pale nan doulè lespri m; mwen va plenyen nan lespri anmè mwen. 12Èske se lanmè mwen ye, oswa bèt jeyan lanmè a, pou Ou te mete gad sou mwen?

13Si mwen di: ‘Kabann mwen va ban m repo, sofa m va soulaje plent mwen,’ 14answit, Ou fè m krent ak rèv, e teworize m ak vizyon; 15jiskaske nanm mwen ta chwazi mouri toufe; pito lanmò olye doulè mwen yo.

16Mwen fin epwize nèt; mwen p ap viv tout tan. Kite mwen sèl, paske jou mwen yo pa plis ke yon souf. 17Kisa lòm ye pou Ou reflechi sou li e pou Ou bay ka li enpòtans, 18pou Ou fè l pase egzamen chak maten e fè l pase eprèv chak moman?

19Èske Ou p ap janm sispann gade m, ni kite mwen anpè jiskaske m fin vale krache m? 20Èske mwen te peche? Kisa mwen te fè Ou, Ou menm, ki gadyen lòm? Poukisa Ou te fè m objè tiraj Ou jiskaske mwen vin yon fado pou pwòp tèt mwen? 21Poukisa konsa Ou pa padone transgresyon mwen yo, e retire inikite mwen yo? Paske koulye a, mwen va kouche nan pousyè a; Ou va chache pou mwen, men m p ap la ankò.”

Copied!
Aa