Ezekiel 48

The portions of the tribes

Alò, sila yo se non a tribi yo: soti nan pwent nò a, akote chemen a Hethlon rive Lebo-Hamath, Hatsar-Énon nan lizyè Damas la, vè nò a akote Hamath, ki kouri soti nan lès pou ale nan lwès Dan, yon pòsyon. 2Akote lizyè a Dan nan, soti nan kote lès la pou rive nan kote lwès la, Aser, yon pòsyon. 3Akote lizyè Aser a, soti nan kote lès la pou rive nan kote lwès la, Nephthali, yon pòsyon.

4Akote lizyè Nephthali a, soti nan kote lès la, pou rive nan kote lwès la, Manassé, yon pòsyon. 5Akote lizyè Manassé a, soti nan kote lès la, pou rive nan kote lwès la, Éphraïm, yon pòsyon. 6Akote lizyè Éphraïm nan, soti nan kote lès la, pou rive nan kote lwès la, Ruben, yon pòsyon.

7Akote lizyè Ruben an, soti nan kote lès la, pou rive nan kote lwès la, Juda, yon pòsyon.

The portion for the sanctuary

8Epi akote lizyè Juda a, soti nan kote lès la, jis rive nan kote lwès la, va yon pòsyon ke nou va mete akote, venn-senk-mil koude nan lajè ak nan longè, kon youn nan pòsyon yo, soti nan kote lès la, pou rive nan kote lwès la; epi sanktyè a va nan mitan li. 9Pòsyon ke nou va rezève pou SENYÈ a, venn-senk-mil koude nan longè, e di-mil koude nan lajè. 10Pòsyon sen an va pou sila yo; pou prèt yo, vè nò, venn-senk-mil koude nan longè vè lwès, di-mil nan lajè, e vè sid, venn-senk-mil nan longè; epi sanktyè SENYÈ a va nan mitan l.

11Li va pou prèt ki sen pami fis a Tsadok yo, ki te kenbe responsabilite Mwen an, ki pa t vin egare lè fis Israël yo te vin egare, jan Levit yo te egare a. 12Li va yon pòsyon pou yo soti nan pòsyon peyi a, yon kote ki sen pase tout kote, akote pòsyon Levit yo. 13Akote lizyè prèt yo, Levit yo va gen venn-senk-mil koude nan longè, e di-mil nan lajè. Longè total la va venn-senk-mil koude, e lajè a va di-mil koude.

14Anplis, yo p ap ni vann ni fè echanj okenn ladann, ni anile okenn nan pòsyon chwazi nan tèren sa a; paske li sen a SENYÈ a.

The land for the city

15Rès la, senk-mil koude nan lajè e venn-senk-mil koude nan longè, va pou sèvis vil la, pou kay yo ak pou espas ouvri yo; epi lavil la va nan mitan li. 16Sa yo va mezi li: Nan kote nò a, kat-mil-senk-san koude, kote sid la, kat-mil-senk-san koude, kote lès la, kat-mil-senk-san koude, e kote lwès la, kat-mil-senk-san koude. 17Vil la va gen espas ouvri yo: Nan nò, de-san-senkant koude, nan sid, de-san-senkant koude, nan lès, de-san-senkant koude e nan lwès, de-san-senkant koude.

18Rès longè akote pòsyon ki sen an, va di-mil koude vè lès, e di-mil koude vè lwès; epi li va kouri akote pòsyon sen an. Epi pwodwi li yo va vin manje pou ouvriye vil yo. 19Ouvriye vil yo, ki sòti nan tout tribi Israël yo, va kiltive li. 20Tout pòsyon an va venn-senk-mil pa venn-senk-mil koude; nou va mete apa pòsyon sen an, yon pòsyon an fòm kare, ak tèren vil la.

What is left for the prince

21Tout sa ki rete va pou prens lan, de yon kote a yon lòt kote, de pòsyon sen an ak tèren vil la; devan venn-senk-mil koude a pòsyon an vè lizyè lès la, e vè lwès, devan venn-senk-mil koude vè lizyè lwès la, akote pòsyon yo, li va pou prens lan. Epi pòsyon sen an ak sanktyè kay la va nan mitan li. 22Apa de tèren Levit yo ak tèren vil la, ki nan mitan a sila ki apatyen a prens lan, tout bagay antre lizyè Juda a ak lizyè Benjamin an va pou prens lan.

The remaining tribes

23Pou tout rès tribi yo: Soti nan kote lès la pou rive nan kote lwès la, Benjamin, yon pòsyon. 24Akote lizyè Benjamin an, soti nan kote lès la pou rive nan lwès la, Siméon, yon pòsyon. 25Akote lizyè Siméon an, soti nan kote lès la pou rive nan kote lwès la, Issacar, yon pòsyon.

26Akote lizyè Issacar a, soti nan kote lès la, pou rive nan kote lwès la, Zabulon, yon pòsyon. 27Akote lizyè Zabulon an, soti nan kote lès la pou rive nan kote lwès la, Gad, yon pòsyon. 28Akote lizyè Gad la, soti nan kote vè sid la, lizyè a va soti Thamar jis rive nan dlo a Meriba yo nan Kadès, nan flèv Égypte la, jis rive nan Gwo Lanmè a.

29Sa se peyi ke nou va divize selon tiraj osò bay tribi Israël yo, kon eritaj e sila yo se pòsyon pa yo,” deklare Senyè BONDYE a.

The Lord is there

30“Sa yo se kote pou sòti nan vil la: Nan kote nò a, kat-mil-senk-san koude pa mezi, 31Sa yo va pòtay vil yo, ki gen non a tribi Israël yo, twa pòtay vè nò: pòtay Ruben an, youn; pòtay Juda a, youn; pòtay Levi a, youn. 32“Nan kote lès la, kat-mil-senk-san koude, va gen twa pòtay sila yo: pòtay Joseph la, youn; pòtay Benjamin an, youn; pòtay Dan nan, youn.

33“Nan kote sid la, kat-mil-senk-san koude pa mezi, va gen twa pòtay: pòtay Siméon an, youn; pòtay Issacar a, youn; pòtay Zabulon an, youn. 34“Nan kote lwès la, kat-mil-senk-san koude, twa pòtay: pòtay Gad la, youn; pòtay Aser a, youn; pòtay Nephthali a, youn. 35“Vil la va diz-ui-mil koude antoure nèt; epi non a vil la soti nan jou sa a va: ‘SENYÈ a la’.”

Copied!
Aa