Ecclesiastes 10
Dead flies spoil the perfume
Mouch mouri bay lwil pafen yon move odè; Se konsa yon ti kras foli gen pouvwa pou depase sajès ak respè. 2Kè a yon moun saj mennen li adwat, men kè a moun san konprann nan mennen l agoch. 3Menm lè ensanse a mache nan lari li manke bon tèt. Li montre tout moun ke se moun fou li ye.
4Si kòlè a wa a vin monte kont ou, pa abandone pozisyon ou; paske rete kalm ka evite gwo ofans. 5Gen yon mal mwen konn wè anba solèy la, tankou yon fot ki sòti nan sila k ap gouvène a—— 6Foli plase nan anpil kote byen wo pandan rich yo chita kote ki ba.
7Mwen konn wè esklav ki monte sou cheval ak prens k ap mache atè tankou esklav. 8Sila ki fouye fè yon twou ka byen tonbe ladann, e yon sèpan ka mòde gèrye a ki kraze yon miray. 9Sila ki taye wòch yo ka blese ladann, e sila ki fann gwo bout bwa a kapab an danje.
10Si rach la pa gen tay, e li pa file pwent li; alò, li va egzije plis fòs. Avantaj a sajès se reyisi! 11Si sèpan an mòde avan li vin chame, nanpwen pwofi. 12Pawòl ki soti nan bouch sila ki saj la plen ak gras, men pawòl a moun ensanse a fin manje l nèt; 13Kòmansman diskou ensanse a se foli, e fen diskou li se plen mechanste ak betiz.
14Malgre tout sa, moun ensanse a ogmante pawòl li yo. Pèsòn pa konnen sa ki va rive, e kilès kab di li sa ki va rive apre li. 15Zèv a moun ensanse a tèlman fatige l, ke li pa konnen kijan pou li rive nan vil la. 16Malè a ou menm, O peyi ki gen jenn ti gason kon wa; ak prens yo k ap fè fèt granmaten.
17Beni se ou menm, O peyi ki gen yon fis byen prepare kon wa a ak prens ki manje nan pwòp lè yo, pou bay fòs, e non pou fè banbòch vin sou. 18Akoz parès ak neglijans, twati a vin pann, e nan enpridans kay la vin koule. 19Yon gwo tab manje fèt pou yo rejwi yo, diven pou fè kè kontan; epi lajan se repons pou tout bagay.
20Anplis, nan chanm a kouche ou, pa bay wa a madichon; e nan chanm a kouche ou, pa bay yon moun rich madichon. Paske yon zwazo syèl la ka pote bri a, e sa ki gen zèl yo ka fè yo konnen bagay la.