잠언 13
지혜로운 아들은 아버지의 훈계를 듣는다
Yon fis ki saj aksepte disiplin a papa l, men yon mokè pa koute repwòch. 2Fwi pawòl la ki soti nan bouch moun se rejwisans de sa ki bon; men volonte moun enfidèl se vyolans. 3Sila ki kontwole bouch li, konsève lavi li; sila ki ouvri lèv li byen laj va detwi nèt.
4Nanm a parese a anvi, e li pa jwenn; men nanm a moun dilijan an vin gra. 5Yon nonm dwat rayi sa ki fo; men zak mechan yo degoutan e fè gwo wont. 6Ladwati se yon pwotèj pou sila ki san fot la; men mechanste fè pechè a vin souye nèt.
7Genyen moun ki pretann yo rich, men yo pa gen anyen; yon lòt pretann li malere men li gen gwo richès. 8Ranson pou lavi a yon nonm rich se richès li; men malere a pa tande menas. 9Limyè a moun dwat la se rejwisans; men lanp a mechan an va etenn.
10Ògèy pa pote anyen sof ke konfli; men sajès rete ak sila ki resevwa konsèy yo. 11Richès ki sòti nan manti koule ale; men sila ki rasanble ak men li, fè l grandi. 12Lespwa jennen fè kè a malad; men dezi acheve a se yon pyebwa lavi.
13Sila ki meprize lenstriksyon va peye fwè a; men sila ki respekte lòd yo va resevwa rekonpans li. 14Lenstriksyon a saj yo se yon fontèn dlo lavi pou detounen pèlen lanmò a. 15Bon konprann pwodwi favè; men chemen moun ki pa fidèl la di.
16Tout moun ki pridan aji ak konesans; men yon moun san konprann parèt ak foli li. 17Yon mesaje mechan tonbe nan advèsite; men sila ki pote pawòl ak bòn fwa a, pote gerizon 18Mizè ak wont se pou sila ki manke disiplin nan; men sila ki konsidere repwòch la va onore.
19Yon dezi ki reyalize se dous a nanm nan, men moun bèt pa vle kite mechanste. 20Sila ki mache ak moun saj va vin saj; men bon zanmi a moun ensanse a va soufri. 21Se malè ki kouri dèyè pechè yo; men moun dwat yo va pwospere.
22Yon bon moun va lese eritaj pou pitit pitit li; men richès a pechè yo konsève pou moun dwat yo. 23Gen anpil manje nan tè malere a; men li fin bale nèt akoz enjistis. 24Sila ki ralanti baton li, rayi fis li; men sila ki renmen l va ba li disiplin ak dilijans.
25Moun dwat la gen kont pou satisfè dezi li; men vant mechan an toujou gen bezwen.