아가 7
신부의 아름다움
A la bèl pye ou bèl nan sandal yo, o pitit a nòb yo! O fi a prens lan! Koub kwis ou tankou bijou, zèv a yon vre atis. 2Lonbrit ou kon yon tas won ki pa janm manke diven mele; vant ou se yon bèl pakèt ble ankadre ak flè lis; 3De tete ou se de jenn pòtre a yon antilòp, jimo a yon antilòp.
4Kou ou se yon kou ivwa, zye ou tankou sous dlo nan Hesbon yo akote pòtay a Bath-Rabbim nan. Nen ou tankou tou Liban ki gade vè Damas la. 5Tèt ou kouwone ou tankou Mòn Carmel e très cheve tèt ou tankou fisèl mov. Wa a kaptire pa très ou yo. 6A la ou bèl e a la ou mèvèye, ak tout bèlte ou yo!
7Lè ou kanpe se tankou yon pye palmis e tete ou se grap li yo. 8Mwen te di: “Mwen va monte pye palmis lan, mwen va kenbe tij fwi li yo.” O ke tete ou yo kapab tankou grap ki pann sou chan rezen an, e bon odè a souf ou tankou pòm, 9Epi bouch ou tankou meyè diven an, ki desann byen swa pou cheri mwen an, e koule dousman nan lèv a sila ki tonbe nan dòmi yo.
10Mwen pou cheri mwen an e dezi li se pou mwen. 11Vini, cheri mwen an! Annou pati ale nan chan yo e fè lojman nan ti vil yo. 12Annou leve bonè pou rive nan chan rezen yo; annou gade pou wè si chan rezen an gen tan boujonnen e flè li yo fin ouvri. Se la, m ap bay ou lanmou mwen an.
13Mandragò yo fin bay bèl odè; epi sou tout pòt nou yo se tout meyè fwi yo, ni nèf ni ansyen, ki te konsève pou ou, lanmou mwen an.