아가 3
밤에 그를 찾다
Sou kabann mwen, pandan nwit lan, mwen te chache sila ke nanm mwen renmen an. Mwen te chache l, men m pa t jwenn li. 2Koulye a fòk mwen leve mache toupatou nan vil la; nan ri yo ak nan plas yo. Fòk mwen chache sila ke nanm mwen renmen an. Mwen te chache l, men m pa t jwenn li. 3Gadyen ki fè tou vil la te twouve m. Mwen te mande l: “Èske ou konn wè sila ke nanm mwen renmen an?” 4Lè m fenk kite yo mwen te jwenn sila ke nanm mwen renmen an. Mwen te kenbe l, mwen te refize lage l jiskaske mwen mennen l rive lakay manman m, pou l antre nan chanm a sila ki te vin ansent mwen an.
5M ap avèti nou, O fi a Jérusalem yo, nan non antilòp ak bich mawon an, pou nou pa fè lanmou leve ni ouvri zye l jiskaske se plezi li.
혼인 행렬
6Se kisa k ap monte kite dezè a tankou pilye lafimen yo, byen pafime ak fèy bazilik ak lansan, plen ak poud santi bon machann yo? 7Gade byen, se kanape vwayaj Salomon k ap monte; swasant òm pwisan kap antoure l, mesye pwisan Israël yo. 8Yo tout ki konn manyen nepe, ki fò nan afè lagè; chak mesye gen nepe l bò kote li, pou fè gad kont menas lannwit yo.
9Wa Salomon te fè pou kont li yon kanape vwayaj ak bwa Liban an. 10Li te fè pye li ak ajan e repo pou do a ak lò. Kote pou chita a fabrike ak twal mov, e tout anndan li byen dekore pa fi Jérusalem yo. 11Ale, O fi a Sion yo, e fikse byen Wa Salomon ak kouwòn sila a manman l te kouwone l nan jou fèt maryaj li, nan jou kè kontan li an.