Salmos 127
Se o Senhor não edificar a casa
Yon chan pou monte vè tanp lan. Yon chan Salomon. Amwenske se SENYÈ a ki bati kay la, sila ki bati li yo, travay anven. Amwenske SENYÈ a veye pòtay la, gadyen an rete zye louvri anven. 2Se an ven pou ou leve bonè e ale dòmi ta, pou manje pen a travay di yo, paske se domi Li bay a moun li renmen. 3Veye byen, pitit se yon don SENYÈ a. Fwi a vant la se yon rekonpans.
4Tankou flèch nan men a yon gèrye, Se konsa pitit a jèn yo ye. 5A la beni se nonm ke veso l plen ak yo. Yo p ap wont lè yo pale ak lènmi yo nan pòtay la.
Copiado!
Aa