Provérbios 24
Não invejes os maus
Pa fè anvi a moun mechan, ni dezire pou avèk yo; 2paske panse yo fòmante vyolans e lèv yo pale inikite. 3Avèk sajès, kay la bati e avèk bon konprann, li vin etabli.
4Pa konesans, chanm yon moun vin ranpli avèk tout bèl kalite richès. 5Yon nonm saj byen fò, e yon nonm ak konesans ogmante pouvwa li. 6Paske ak konsèy saj ou va fè lagè, e ak konseye an abondans, gen viktwa.
7Sajès twò wo pou moun ensanse a; li pa ouvri bouch li nan pòtay la. 8Yon moun ki fè plan pou fè mal, moun va rele li magouyè. 9Fòmante foli se peche, e mokè a abominab a tout moun.
10Si ou lach nan jou gran pwoblèm nan, fòs ou pa fò. 11Delivre sila k ap mennen vè lanmò a, ak sila k ap mache tonbe vè labatwa a. O, kenbe yo! 12Si ou di: “Gade, nou pa t konnen sa”; èske Li pa konsidere sa, sila ki peze kè? Epi èske Li pa konnen sa, sila kap kenbe nanm ou an? Èske Li p ap rann a lòm selon zèv li?
13Fis mwen, manje siwo myèl, paske li bon; wi, siwo sòti nan nich lan dous pou goute. 14Konnen ke sajès se konsa pou nanm ou; si ou twouve li, va gen yon avni, e espwa ou p ap anile. 15Pa kouche mete pyèj, o lòm mechan, kont kote ke moun dwat la rete a. Pa detwi kote repo li a; 16paske yon nonm ladwati tonbe sèt fwa e leve ankò, men se nan lè gwo malè ke mechan an tonbe.
17Pa rejwi lè lènmi ou tonbe. Ni pa kite kè ou kontan lè l tonbe; 18Oswa, SENYÈ a va wè l, vin pa kontan e detounen kòlè Li de li. 19Pa twouble tèt ou pou malveyan yo, ni fè lanvi pou mechan yo, 20paske pou yon nonm mechan, pa gen avni. Lanp a mechan an va etenn nèt.
21Fis mwen an, gen lakrent SENYÈ a ak wa a; pa asosye ak sila ki pa stab yo, 22paske, malè yo va leve vit. Kilès ki konnen destriksyon an k ap sòti nan yo de a.
Mais ditos dos sábios
23Sila yo, anplis, se pawòl a sajès: Fè patipri nan jijman pa bon. 24Sila ki di a mechan an: “Ou dwat”, pèp yo va modi li e nasyon yo va rayi li; 25men pou sila ki repwoche mechan yo, l ap wale byen ak yo. Bon benediksyon va tonbe sou yo.
26Yon repons onèt tankou yon bo sou lèv yo. 27Prepare tout travay ou a deyò; byen prepare chan ou. Apre, alò, bati kay ou. 28Pa vin yon temwen kont vwazen ou san koz, e pa bay manti ak lèv ou.
29Pa di: “Se konsa mwen va fè l paske li te fè m konsa; mwen va rann a nonm nan selon zèv li yo.” 30Mwen te pase nan chan parese a; akote chan rezen a nonm ki manke bon konprann nan. 31Epi gade byen, li te plen ak raje pikan, e kouvri ak move zèb, Miray an wòch la te fin kraze nèt.
32Lè m te wè, mwen te reflechi sou sa; mwen te gade e m te resevwa enstriksyon. 33“Yon ti dòmi, yon ti somèy, yon ti pliye men pou repoze,” 34Konsa mizè ou va vin parèt sou ou tankou yon vòlè; ak bezwen tankou yon bandi ak zam.