Jó 16

Consoladores molestos sois todos vós

Epi Job te reponn: 2Mwen tande anpil bagay parèy a sila yo; move konsolatè nou tout ye. 3Èske pa gen limit sou pawòl kap pouse van an? Oswa se kilès k ap toumante ou ki fè ou reponn?

4Mwen osi ta kab pale tankou ou, si mwen te nan plas ou. Mwen ta kab konpoze pawòl yo kont ou e souke tèt mwen sou ou. 5Mwen ta kab ranfòse ou ak bouch mwen, e senpati a lèv mwen ta kab redwi doulè ou. 6Mem si mwen pale sa pa redwi doulè m; si mwen ralanti nan pale, se kisa ki kite mwen?

7Men koulye a, Li fin fatige m nèt; Ou, Bondye, te gate tout zanmi m yo. 8Ou te fè m vin sèch nèt. Sa devni yon temwen kont mwen. Epi jan mwen vin mèg, leve kont mwen. Li fè temwayaj devan figi mwen. 9Kòlè Li fin chire mwen e chase m jis atè, Li te modi blese m ak dan L. Advèsè mwen an chase mwen ak menas Li.

10Yo te gade m, bouch yo louvri. Yo te souflete m sou machwè m ak mepriz; yo te oganize yo menm kont mwen. 11Bondye te plase mwen nan men enkwayan yo, e te jete mwen nan men a mechan yo. 12Mwen te alèz, men Li te brize mwen, Li te sezi mwen nan kou e te souke mwen jiskaske m fè mòso; anplis li te fè m objè tiraj.

13Flèch Li yo antoure mwen. San pitye Li fann ren mwen ouvri nèt. Li vide fyèl mwen atè. 14Li kase antre brèch pa brèch; Li kouri sou mwen kon yon jeyan. 15Mwen te koud twal sak sou kò m epi pouse kòn mwen antre nan pousyè.

16Figi mwen vin wouj akoz kri mwen yo e pòpyè zye m vin fonse nwa, 17Malgre nanpwen vyolans nan men m, e priyè mwen yo san tach. 18O latè a, pa kouvri san kò mwen. Pa bay plas pou kriye m yo pran repo.

19Menm koulye a, gade byen, temwen m se nan syèl la. Avoka m ki pale pou mwen la, an anwo. 20Se zanmi mwen yo k ap moke m. Zye m kriye a Bondye. 21O ke yon nonm ta kab plede avèk Bondye, kon yon moun plede ak vwazen li!

22Paske lè kèk ane fin pase, m ap prale nan chemen ki pap retounen an.

Copiado!
Aa