Salmos 3
Muchos se levantan contra mí
Yon Sòm a David lè l te sove ale devan Absalom, fis li a O SENYÈ, gade kijan lènmi mwen yo ap miltipliye; Anpil moun leve kont mwen. 2Anpil moun pale de nanm mwen, “Nanpwen delivrans pou li nan Bondye.” Tan 3Men Ou menm, O SENYÈ, se yon pwotèj ki antoure mwen, glwa mwen, ak Sila ki fè tèt mwen leve a.
4Mwen t ap kriye a SENYÈ a ak vwa mwen; Li te reponn mwen soti nan mòn sen Li an Tan 5Mwen te kouche e dòmi; mwen te leve, paske se SENYÈ a ki ban m fòs. 6Mwen p ap pè menm dè milye de moun ki ta pran pozisyon kont mwen de tout kote.
7Leve, O SENYÈ! Sove mwen, O Bondye mwen! Paske Ou te souflete tout lènmi mwen yo. Ou te kraze dan a mechan yo. 8Delivrans se nan SENYÈ a. Ke benediksyon Ou toujou poze sou pèp Ou a.
¡Copiado!
Aa