Salmos 16
Tú eres mi herencia
Yon Sòm David Pwoteje m O Bondye, paske mwen kache nan Ou. 2Mwen te di a SENYÈ, Ou se Senyè mwen. Mwen pa gen anyen ki bon sof ke Ou menm. 3Selon sen sou latè yo, se moun manyifik yo ye; sou yo menm mwen pran tout plezi m yo.
4Doulè a sila ki te fè donn a yon lòt dye va vin ogmante; Mwen p ap vin vide ofrann bwason san pa yo, ni non yo p ap sòti sou lèv mwen. 5SENYÈ a se pòsyon eritaj mwen ak tas mwen; Se Ou menm ki bay soutyen a pati pa m nan. 6Lizyè yo vin tonbe nan kote ki tèlman bèl pou mwen. Anverite, eritaj mwen bèl pou mwen.
7Mwen va beni SENYÈ a ki te ban m konsèy la. Anverite, panse mwen toujou vin enstwi mwen pandan lannwit. 8Mwen te mete SENYÈ a devan zye m tout tan. Akoz Li se men dwat mwen, mwen p ap ebranle menm. 9Pou sa, kè m kontan e glwa mwen fè rejwisans. Anplis, chè m va toujou pwoteje.
10Paske Ou p ap abandone nanm mwen nan sejou mò yo; ni Ou p ap pèmèt Sila Ki Sen Ou an vin tonbe an pouriti. 11Ou va fè m rekonèt chemen lavi a. Nan prezans Ou, se lajwa ki an abondans nèt. Nan men dwat Ou, se plezi ki dire jis pou tout tan.