Salmos 150

Todo lo que respira alabe al Señor

Louwe SENYÈ a! Louwe SENYÈ a nan sanktiyè Li a! Louwe Li nan gran espas syèl la pou tout zak pouvwa Li yo! 2Louwe Li pou zèv pwisan Li yo! Louwe Li selon bèlte a grandè Li! 3Louwe Li ak son twonpèt la! Louwe Li ak ap avèk gita!

4Louwe Li ak tanbouren ak dans! Louwe Li ak enstriman a kòd ak flit! 5Louwe Li ak senbal byen fò! Louwe Li ak senbal k ap retanti! 6Kite tout sa ki gen souf louwe SENYÈ a! Louwe SENYÈ a!

¡Copiado!
Aa