Proverbios 3
Confía en el Señor de todo corazón
Fis mwen an, pa bliye enstriksyon mwen an, men kite kè ou kenbe kòmandman Mwen yo; 2paske konsa, longè jou, ane lavi ak lapè yo va vin ogmante sou ou. 3Pa kite dousè ak verite kite ou. Mare yo antoure kou ou. Ekri yo sou tablo kè ou.
4Konsa, ou va twouve favè avèk bon repitasyon nan men Bondye a, ak moun. 5Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou; pa apiye sou pwòp bon konprann pa w. 6Nan tout chemen ou yo rekonèt Li; konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.
7Pa vin saj nan pwòp zye pa ou; krent SENYÈ a e vire kite mal. 8Li va sèvi kon yon gerizon pou kò ou, ak rafrechisman a zo ou. 9Onore SENYÈ a ak sa ki soti nan bonte ou yo; ak premye pati nan tout prodwi ou, 10pou depo ou yo kab vin plen ak abondans, e pou sitèn ou yo plen ak diven tounèf.
11Fis mwen an, pa rejte disiplin SENYÈ a, ni rayi repwòch Li, 12Paske sila ke SENYÈ a renmen an, Li korije li, jis tankou yon papa konn korije fis nan sila li pran plezi a.
La sabiduría es más preciosa que las joyas
13A la beni nonm ki twouve sajès, e nonm ki vin genyen bon konprann nan beni! 14Paske avantaj li pi bon ke avantaj ajan, e pwofi li pi bon ke lò fen. 15Li pi presye pase bijou; e okenn lòt bagay ke ou ta dezire pa kab konpare avèk li.
16Lavi ki long va trouve nan men dwat li. Nan men goch li se richès ak lonè. 17Chemen li yo byen dous, e tout pa li yo se lapè. 18Li se yon pyebwa lavi a sila ki pran l yo, e byen kontan se tout sila ki kenbe l fèm yo.
19SENYÈ a ak sajès te fonde latè a; ak bon konprann Li te etabli syèl yo. 20Ak konesans Li, fon yo te vin ouvri, e syèl yo te vin degoute lawouze. 21Fis mwen an, pa kite yo vin disparèt devan zye ou; kenbe bon sajès ak bon konprann.
22Konsa yo va lavi pou nanm ou ak dekorasyon pou kou ou. 23Konsa, ou va mache nan chemen ou ak sekirite, e pye ou p ap chape. 24Lè ou kouche ou p ap pè; kouche ou ak dòmi ou va byen dous.
25Pa pè gwo laperèz ki parèt sibitman, ni atak a mechan an lè l vini. 26Paske Bondye va konfyans ou, e va veye pye ou pou l pa pran nan pyèj. 27Pa refize fè byen a sila ki merite l yo, si se nan kapasite ou pou fè l.
28Pa di vwazen ou: “Ale e retounen pita”, oswa “Demen, m ap bay ou”, lè l deja nan men w. 29Pa kalkile mal kont vwazen ou pandan l ap viv an sekirite akote ou. 30Pa fè kont ak yon nonm san koz, depi li pa konn fè ou tò.
31Pinga ou gen anvi a yon nonm vyolan, ni pa chwazi chemen li yo. 32Moun pèvès se yon abominasyon a SENYÈ a; men SENYÈ a vin toupre a sila yo ki dwat yo. 33Malediksyon SENYÈ a sou kay mechan yo, men Li beni abitasyon a moun dwat yo.
34Li moke moun k ap moke, men Li bay gras a sila ki aflije yo. 35Saj yo va resevwa gran respè kon eritaj, men moun plen foli yo va dezonore.